top of page

Apre Herod mete Jan nan prizon, JeziKri t'ap Preche Mesaj Repantans: 

TONEN VIN - JWEN BONDYE - POU WRA -YòM NAN ETABLI - NAN Kè OU

MATT. 3: 1

Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t’ap mache bay mesay sa a. Tonen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouwra a  nan men l.

Mak 1: 14-15

Apre yo te fin mete Jan nan prison, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bon Nevèl Bondye voye a. Li t’ap di yo konsa: Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki  wa nan syèl ap vin pran pouvwa a men li. Tonen vin jwen Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.

Lik 4: 1

Jezi  tounen sòti bò larivyè  Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l nan dezè a.

EZAYI 42:1-3

  1. Senyè a di: Men sèvitè m’ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m plezi anpil la! Mwen  mete lespri m sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.

Li pa nan rele, li pa nan pale fò. 2 Li pa nan mache fè diskou nan tout lari.

3 Li p’ap  kraze sa ki fèb yo. Li p’ap  lage sa ki san sekou yo.

Mak 16: 15-16

Epi  li di yo: Ale toupatou sou late, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun. 16 Moun ki kwè epi ki resevwa batèm  va delivre. Men moun ki pa kwè va kondannen.

Ezekyèl 34:1  

Senyè a pale avè m, li di m konsa: 2 Nonm o! Bay mesay sa a sou tout chef ki reskonsab pèp Izraèl la.

Bay yo mesay la, di yo: Men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo:  Madichon pou gadò pèp Izraèl yo !

Yo mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp  tèt yo ase yo konnen.

3 Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men nou pa janm swen mouton yo.

7 Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izraèl la, Koute sa Senyè a voye di nou. 8 Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, K’ap pale.

 Bèt nan bwa atake mouton m yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m yo pa fè anyen pou mouton m yo. Se tèt pa yo ase yo konnen.

Mt. 11: 25 – 26 Jesus Christ intercede before God

Acts 7:59 After people stone Stephen to death, he  call upon God to receive his Spirit.

 

           

 

 

 

 

 

 

 

 

      Lè mwèn te fèk vin Portland, mwèn te gin yon  zanmi nou te toujou ap fè tout afè nou ansanm. Epi yon lè mwèn menm ak miche nan fè yon mange avan pou m al travay, men nou sevi  yon chodyè espesial. Lèw  kouvri chodyè a  li klete ansanm epi li sanble tout chalè yo san yon tikras pa soti. Lè m vire kouvèti chodyè epi deklete li. Chalè a eclate kouvèti chodyè a tout sak t’ap bouri a vole nan fetay kay la anlè. Kouvèti chodyè a, ak tout sak t’ap bouri a manke eklate figi m ak tout tèt mwèn. Gras a Bondye mwèn pat gen oken domaj  nan tout gro mirak sa a ki te pase pou jou a. Mwèn rentre tè mwèn nan frizè a pou yon ti tan, pou figi mwèn pat kale. Mwèn di Bondye mèsi pou tout bagay sa yo life pou mwèn.

     Moun K’ap fè efò nan levangil dwe  mennen yon vi de priė. Moun K’ap prie tout tan ap jwen delivrans. Li pap janm bliye jou Bondye te delivre l. Gen yon chan nan chandesperans lan ki di, “Mouin sonje biin ki jou li te delivre m, e mouin  konnin  mouin  fini avek  péché, paske mouin jouin delivrans e kè mouin fin asuré mouin sove nan péché pou toujou” (65 Kreol chan Deperans). Lè ou mennen yon vi de priè, sa mete ou an koneksyon avek Papa Bondye ki anro nan syel la. Men, se pa yon bagay moun ka fè, san prezans Lesintespri. Menm chan an di, “Mouin sonje  biin ki jan kè m te boulvèsé. E ki tristès ki te fè nanm mouin an dèy. Min Jé mouin ouè Jézu-Kri; e kè mouin louvri bali; tout chinn mouin yo tobe pou tou jou” (65 Kreol  Chan Desperans).

      Bondye pagen anyen  Li pakapab fè. Menm Bondye kit e retire Pol ak Silas nan prizon an, se Li menm ki la jodia. Lè nou santi nou anchéné  avek péché, an nou prié Bondye.Pol ak Silas te nan prizon an chéné, yo te rantre an konsekrasyon  ak Bondye chèn yo te  tonbe telman yo te prié. Nan Bib la Pol di, “Epi yo te rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pot prizon yo louvri, chènn tout  prizonye yo kase” (Travay 16: 26). Nou bezion gen yon relasyon danble avèk Bondye pou priyè nou yo ka gen efikas. Menm jan ak Pol ak Silas ki te fè pep woman yo konnen inportans lapriyè genyen lè yo te nan prizon an. Chan an di, “Mouin sonje biin sa pa te fèt fasil, e mouin reziste ak Jezu anpil, Li pat vin pou kondannem, e Li pran pasians avè-m  jouk gnon you, m oblije ouè lumiè” (65 Kreol chandesperans). Jezu-Kri pat vini pou kondanne peson. L’ap pran pasians  ak tout moun, paske  se  li menm  ki fe m wè lumiè a. Jan di konsa, “Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm  ki vin sou latè epi K’ap klere tout moun” (Jan 1:9). Nou menm kretian se paske n’ap mennen yon vi de priyè kifè nou kapab aksepte limyè sa a. Ki se Jezi Kri sovè nou an.

     Menm chan an kontinye nan Chandesparans li di, “E se pou tèt sa map chante pou Jezu E mouin plin e nanm mouin gin frechè. Mouin pa kapab pè, fò-m chante: Alelouya! M-delivre pou toujou” (65 Kreol Chandesperans). Lè ou rete nan priyè, bagay ki pat posib Bondye fè yo vini posib. Sa vle di yon moun ki kretian dwe gen lafwa nan Bondye. Genyen yon lòt chan nan chadesperans lan k i di, “Lapriè bay repo, lapriè chanje tout  bagay, lè chemin an sanble tro long, pa bliye priye” Jezi Kri se Bondye sovè nou an epi Li t’ap mennen yon vi de priyè sou late. Li t’ap montre kretien yo koman pou yo priye, pou Bondye ka tande priyè yo. Jezi di, “Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, nou mande pou yo toujou  respekte Non ou, Vin table gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la. Manje nou bezwen an ban nou l jodia. Padonnen moun ki fè nou mal, menm jan nou padonnen moun ki fè m mal. Paki nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amen” (Mat.6:9-13). Si nou priye ak lafwa menm jan Jezi Kri te kon fè mirak sou late, nou menm tou nou ka mete men sou moun ki malad  nan non Jezi pou l geri.

      Moun ki gen lafwa nan Bondye ka geri malad, e yo ka chase demon nan non Jezi. Men yon ekzanp ki Klè nan Bib la. Pol di konsa, “Yon jou yo t’ap pral kote yo konn lapriyè a, yo kontre ak yon tifi. Se te yon sevant, li te gen yon move lespri sou li kite fè l konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li fè anpil lajan. Li tanmen swiv Pol ak Silas, li t’ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl  la. Y’ap fè nou konnen chemen pou n pran pou n ka jwen delivrans” ( Travay 16:16-17). Tifi  a t’ap swiv mesye yo pandan plisyè jou. “Pol te bouke ak fi a. Li vire, lidi lespri a: Nan non  Jezi Kri, mwen ba ou lod, Soti sou fi a. Sa pat pran tan lespri a te kite tifi a. Tifi a te geri. Lè mèt tifi a wè li pat ka fè lajan ak tifi ankò. Mèt tifi a te mete min sou Pol ak Silas, yo trinnen yo bay otorite sou plas Piblik. Yo  di mesye sa yo se jwif yo ye, y’ap fè dezòd lavil la. Y’ap montre moun yo yon pakèt  bagay lalwa nou pa dakò. Chèf yo di se pou nou lavil Wòm ye nou pap asepte bagay sa a. Chèf yo te chire rad sou Pol ak Silas. Epi yo bat yo akfwèt, lè yo fin bat yo epi yo mete yo nan prizon. “Yo bay chef prizon an lòd pou veye  mesye yo byen.” Paske chef prizon an jwen lòd sa a. Li mete mesye yo nan yon kacho byen fon an dan prizon an. Pol ak Silas t’ap priye, yo t’ap chante bay Bondye lwanj.  Lòt moun kite nan prizon an t’ap koute. Bib la di nou konsa, “Epi yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout  pot prizon yo louvri, chènn prizonye yo kase lè chef prizon tande sa, li mande yon chandel, li kouri nan kacho a. Li lage kò l a tè nan pye Pol ak Silas.

     Li t’ap tranble kou yon fèy bwa telman li te pè. Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m dwe fè pou m delivre? Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi wa va delivre. Ou menm ansanm ak tout fanmi ou” ( Travay 16:16-31). La priyè Se kle, lapriyè ouvri pot  prizon, lapriyè delivre prizonye nan kacho. Papa Bondye ki anwo nan syel la fè prizonye yo konnen yo pa pou kont yo. Gen yon vesè nan Bib la ki di, “Ki sa n’a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès kika kont nou” (Woman 8:31). Gen anpil moun k’ap sou fri, yo pa chèche prezans Bondye nan lavi yo. Yo pa chèche gen relasyon ak Papa Bondye ki anwo nan syel la. Gen yon vesè nan Bib la ki di, “Si selman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo, benediksyon ta vide sou nou tankou lapri K’ap tonbe. Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm, m pa ta janm sispann kanpe pou nou! Moun ras nou yo ta menm kantite ak grenn sab. Pitit pitit nou yo ta tankou grenn sab bò lanmè.  Anyen pa ta ka detwi nou devan mwen. Non! Nou pa ta janm disparet devan mwen” ( Ezayi 58: 18-19).Si ou se yon nan moun k’ap soufri,  Pou kapab jwen ladelivrans leve de men ou anlè pou di Bondye mèsi. Paske gen gerizon nan bay Bondye lwanj. Mete deje non ou atè pou priye Bondye, paske Bondye te ouvri pot prizon an pou prizonye yo. Menm Bondye sa a, se Li menm ki la jounen  jodia e. Epi kap continue la pou tout tan Amèn.

      Se pou tèt tout bagay sa yo, nou dwe toujou rete ap priye. Paske, nan Bib la gen yon vèsè kidi, “Pandan n’ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Mo sa yo te ekri depi nan tan lontan pou soutni moun k’ap chache prezans Bondye yo. Gen yon chan ki di, “Lè moun antie pèdi nan tenèb peche : Sèl lumiè le moun de Jezu” (78 Kreol Chandesparans). Bondye  te voye Jan pou pale sou lumiè sa a, Ki se Jezu Kri. Moun pèp farizen yo t’ap pose anpil kesyon men yo pat resevra lumiè. Chante a di, “Kon solèy midi lavanjil la briye sèl lumiè le moun de Jezu” (78 Kreol Chandesparans). Eske ou pa santi ou nan fè nwa, ou bezion gwo lumiè Bondye a pou klere ou. Menm chan an kontinye li di, “Vin jouin Jezu, la ba ou lumiè: Lumiè a dous, li bèl se Jezu; mouin te avèg, koulyè a mouin ouè sèl lumiè le monn se Jezu” (78 Kreol Chandesparans). Lè w’ap priye mande Bondye padon pou sa ou fè ki mal, priye pou Bondye klere ou avek lumiè ki brie anpil la.

   Bondye, Senyè nou an gen pitye  pou nou. Li pap janm ba nou yon fado ki tro  lou. Rekonet nou fè bagay ki pa bon devan Bondye, e chèche prezans Li nan lavi nou. L’ap toujou la pou l padonne nou. Wa David te Kon fè anpi l bagay ki pabon devan Bondye.  Men, lè wa a desann nan lapriyè, Bondye te gen pitye pou li. Temwaniaj wa David devan Bondye, se yon leson pou  mwen menm avek ou  swiv pou nou ka soti nan fè sa ki mal. Som sa a, David te ekril apre peche  li te fè avek Batcheba. David di,”Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tout sa mwen fè ki mal, paske ou gen Kè sansib” ( Som 51:3 ). Nan komansman som nan wa a touche pwen sansib Bondye. Paske sansibilite Bondye  genyen paka  konpare avek  anyen, lanmou Bondye pagen limite. Se pou tèt sa Li voye  pitit Li Jezi-Kri vin mouri pou ban nou lavi. Jan di, “Paske, Bondye sitelman renmen lezom li bay sèl pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans  yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’ap gen lavi ki p’ap janm fini an” ( Jan 3:16). E lòt pwen  inpòtan nou jwen David te di nan priyè l devan Bondye. David di Bondye konnen li pabon, paske li fèt tou pabon.  Nan menm som nan David di, “Wi, depi m fèt mwen fèt ak peche nan kèm. Depi nan vant manmanm, mwen gen peche nan kè m. Men, ou vle pou yon moun sinsè nan tout sa l’ap fè. Tanpri, fè m konprann tout bagay non! Wete peche m lan avek yon branch izòp, konsa m’a nan kondisyon pou m fè sèvis pou ou. Lave m, m’a pi blan pase kotan” ( Som 51:7-9).

     Lè ninpòt moun pale ak Papa Bondye ki anwo nan syèl yo nan yon fason konsa, Bondye ap beni anpil moun paske gen moun ki rekonèt  tò li devan Bondye. Se sa David te fè, Ki fè Bondye te renmen konsa. Bondye di Li jwen David selon kè l. Sa vle di David fè kè Bondye kontan. Gen yon lòt chan  nan chandesperans ki pale de lanmou Bondye. Chan an di, “Amon Bondye pi  gran pase tout sa lang moun ak Zanj ka di; lale pi louin pase zetoual, li jouin moun kite fin pèdi” ( 28 Kreol Chandesparans). An nou tout mete tèt nou ansanb pou nou anonse la bonn nouvel la, ki se lanmou Bondye. Paske, lanmou sa a ap mennen moun ki pèdi yo vin jwen Bondye. Chan an kontinye li di, “Pitit  Bondye chache moun ki nan la pinn ak peche, si yo rekonèt peche yo, Li prèt pou padonnin” ( 28 Kreol Ch.). Pagen anyen ki ka mezire lanmou Bondye, se yon bagay ki paka esplike. Nou ka pale de lanmou Bondye, men pou nou esplika se yon bagay ki mèveye. Woman 8 next

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Tewaniaj yon fre ak Inportans l'apriye

Jezi se Pitit Bondye Vivan Ki sòti anro nan syèl la. Li vini sou latè pou ban nou lavi ki p’ap janm fini an.

Jezi di yo:

  • Se mwen menm pen ki bay lavi a, moun ki vin jwenn mwen p’ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf dlo. (Jan 6:35).

John 6: 47-51

Most assurely, I say to you, he who believes in Me has everlasting life.

 

  1. 48 I am the bread of life.

 

  1. 49 Your fathers ate the manna in the wilderness, and are die.

 

  1. 50This is the bread which comes down from heaven that one may eat of it and not die.

 

  1. 51 Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot  nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m bay la,

 

  1. Se kò mwen. M’ap bay li pou tout moun ki sou late ka jwen lavi.

 

 

 

 

 

Adoration

Temoiniage 

Tele Shalom

  • Facebook Basic
  • Twitter Basic
  • Vimeo Basic
bottom of page